Premye eklips solè total pou ane a ap pasyèl nan zòn Karayib la, prensipalman Ayiti, pandan jounen 8 avril 2024 la.
Fenomèn sa a ki pa sispann atire atansyon moun depi plizyè milye lane, te toujou kreye gwo etònman ak kiryozite tout kote atravè mond lan.
Eklips solè a rive chak dizuit mwa anviwon sou yon espas kèlkonk sou latè.
Men, ki sa egzakteman fenomèn sa a ye ? Kisa k fè w dwe pran prekosyon toutfwa w t a anvi obsève an tout sekirite ?
Eklips solè a pwodui nan moman Lalin nan ap fè laviwonn latè. Rive yon moman, li vin plase ant Latè epi Solèy la pou bare limyè solèy la.
Etandone Latè pi gwo, Lalin lan pa rive bare limyè solèy la sou tout sifas Latè. Sa ki fè se yon sèl bò lalin lan bouche, e se la lonbraj Lalin lan pral tonbe sou tè a.
Kidonk, moun ki plase nan zòn sila a ap wè yon Eklips solè total. E a kote lonbraj sa a, moun k ap obsève kapab wè yon se yon pati nan solèy la Lalin lan bare.
Se sa nou rele yon Eklips pasyèl.
Ebyen, rezon an ki fè nou chak pa obsève eklips la menm jan an senp, se paske nou tout pa plase menm kote sou planèt tè a.
Yon eklips solè fèt nan plizyè etap diferan.
Dabò, Lalin nan kòmanse bare solèy la tikras pa tikras. Ansuit, fènwa a ogmante toutotan Lalin nan ap avanse devan Solèy la pou bouche li nèt.
Finalman, eklips la ap fini lè Lalin nan tou dousman kite zòn ki genyen ant Latè ak Solèy la, e se dènye faz la.
Fenomèn Eklips solè a pwodui nan moman kote planèt tè a, Lalin epi Solèy la alinye youn dèyè lòt.
E, se lè Lalin nan twouve li nan faz ki rele «nouvo Lalin» lan, li vin pase ant Latè ak Solèy la, pou bay fonomèn ki rele «eklips solè» a.
Sepandan, se pa tout lè Lalin lan nan pozisyon apwopriye pou kreye yon eklips solè nan faz sa a.
Fenomèn sila a bay anpil anvi gade toupatou atravè lemonn !
Sepandan, li esansyèl pou w pran bon jan prekosyon lè w ap viv yon eklips solè pou evite domaje de grenn je w.
Epi, pinga w gade Solèy la menmsi s on eklips pasyèl !
Si w anvi gade eklips solè a, li rekòmande pou w itilize yon linèt espesyal pou obsève fenomèn lan, ki filtre reyon iltravyolè solèy la ap degaje pandan moman eklips la.
Pa gade solèy la atravè linèt solèy òdinè, filtè enpwovize oswa kamera san pwoteksyon !
Eklips solè a se yon bèl fenomèn selès ki fè nou sonje konpleksite linivè kote n ap viv la.
Lè nou konprann fenomèn natirèl sila a ak prekosyon nou dwe pran, n ap pi byen apresye epi kontanple bèlte linivè !