Loading...

Ti kozri sou lwa kont trafik moun ki egziste

Depi lontan, eksplwatasyon moun se yon reyalite, depi nan epòk esklavaj lakote te gen yon gwo bezwen pou travayè nan plantasyon yo. Eksplwatasyonmoun se lè yon moun oswa yon gwoup...
Posted in Magazines
7 décembre 2025
Ti kozri sou lwa kont trafik moun ki egziste

Depi lontan, eksplwatasyon moun se yon reyalite, depi nan epòk esklavaj la
kote te gen yon gwo bezwen pou travayè nan plantasyon yo. Eksplwatasyon
moun se lè yon moun oswa yon gwoup moun fòse yon lòt travay kont volonte l,
pwostitisyon, maryaj fòse, oswa nenpòt lòt fòm kote yo trete moun tankou
machandiz pou fè pwofi oswa pou gen pouvwa.
Aprè Dezyèm Gè Mondyal (1945) ak peryòd dekolonizasyon an (1960), anpil
avanse fèt sou kesyon dwa moun. Plizyè trete, konvansyon, ak lwa pou konbat
eksplwatasyon. Pami yo, gen Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun nan (10 desanm
1948) ak Konvansyon Palèm nan adopte nan lanne 2000.
Malgre jefò sa yo, pratik sa a kontinye ap taye banda, fè dega nan anpil
sosyete, tankou lakay nou an Ayiti. An Ayiti, gen yon lwa ki pase nan lane 2014
pou konbat trafik moun. Fas ak reyalite sa a, Magazin Libète nan Kaj ki se
kontribisyon n kò m inivèsitè, pran angajman pou enfòme piblik la sou lwa ak dwa
yo, pou ede konbat pratik sa a tout kote l ap layite l.

Share this article

3 Comments

  1. Rebecca Author

    M vrèman apresye atik la m li li omwen 3 fwa m menm telechaje li men m toujou pa konprann poukisa pako gen yon lòt edisyon.

    1. Robert Roosender Author

      Mèsi pou komantè ou. N ap gen pou pibliye yon lòt.

  2. anti-violence-626640 Author

    [503321]supplies professional anti-violence equipments and solutions for the whole world with strong and perfect production capacity. anti-violence.org

Leave a Reply

Your email address will not be published.

Related Articles

Browse the latest career advices

No related articles